settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki dezyèm vini Kris la?

Repons


Dezyèm vini Jezi Kris la se espwa pou tout kwayan ke Bondye gen kontwòl tout bagay, epi li fidèl a pwomès yo ak pwofesi yo nan Pawòl li a. Nan premye vini li, Jezi Kris te vin sou tè a tankou yon ti bebe nan yon pak nan lavil Betleyèm, menm jan pwofesi a te ye a. Jezi reyalize anpil nan pwofesi sou Mesi a pandan nesans li, lavi, ministè, lanmò ak rezirèksyon li. Sepandan, gen kèk pwofesi konsènan Mesi a ke Jezi pankò rive akonpli. Nan dezyèm vini an, Kris la pral retounen pou akonpli pwofesi ki rete yo. Nan premye vini an, Jezi te sèvitè ki te soufri a. Nan dezyèm vini li an, Jezi pral yon wa viktorye. Nan premye vini an, Jezi te rive trè enb sou latè. Nan dezyèm vini li a, Jezi ap rive ak lame syèl la bò kote’l.

Pwofèt yo nan Ansyen Testaman an pat fè diferans klè sou tou de (2) vini Kris la. Nou ka wè sa nan Ezayi 7:14, 9:6-7 ak Zakari 14:4. Kòm yon rezilta de yon pwofesi ki ta sanble pale de de (2) moun, anpil nan savan Jwif yo kwè ke ta gen tou de (2), yon Mesi ki soufri ak yon Mesi ki pote viktwa. Yon bagay ke yo pa rive konprann se ke gen yon sèl Mesi. Li ranpli tou de (2) wòl yo. Jezi rive ranpli wòl sèvitè ki te soufri a (Ezayi 53) nan premye vini li an. Jezi pral akonpli wòl pou delivre pèp Izrayèl la ak wa nan dezyèm vini li an. Zakari 12:10 ak Revelasyon 1:7, dekri dezyèm vini an, fè yon kout je an aryè sou Jezi yo te pèse sou kwa. Pèp Izrayèl la, ak tout mond lan, pral nan lapenn paske yo pa te aksepte Mesi a premye fwa li te vini an.

Apre Jezi te monte nan syèl la, zanj yo te di apot yo: " Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la" (Travay 1:11). Zakari 14:4 idantifye kote dezyèm vini pral ye, tankou mòn Oliv la. Matye 24:30 deklare, " Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay." Tit 2:13 dekri dezyèm vini an kòm yon "bèl aparans."

Nou jwenn anpil gwo detay sou dezyèm retou Kris la pale nan Revelasyon 19:11-16, " Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki dezyèm vini Kris la?
© Copyright Got Questions Ministries