settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di Bondye se lanmou?

Repons


Ann gade kijan Bib la dekri renmen, epi konsa nou pral wè se nan Bondye menm renmen soti. « Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li pap anvye sò lòt moun. Li pap fè grandizè, li pap gonfle ak lògèy. Moun ki gen renmen nan kè li pap fè anyen ki pou fè moun wont, li pap chache avantaj pa l’, li pap fè kòlè, li pap kenbe moun nan kè. Moun ki gen renmen nan kè li pap pran plezi l’nan sa ki mal, li pran plezi’l nan sa ki vre. Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li pap janm pèdi espwa, l’ap toujou moutre jan li gen pasyans. Renmen pap janm fini » (1Korent 13:4-8a). Sa a se deskripsyon Bondye bay sou renmen, paske Bondye se renmen (1Jan 4:8), men kijan li ye:

Lanmou (Bondye) pa fòse tèt li sou pèsòn. Moun ki vin jwenn li yo vini ak pwòp tèt pa yo paske yo wè jan Bondye renmen yo. Lanmou (Bondye) moutre bonte li ak tout moun. Renmen (Jezi) te fè byen pou tout moun san patipri. Lanmou (Jezi) pa gen anbisyon sou sa lòt moun genyen, li te viv yon lavi enb san li pat plenyen. Lanmou (Jezi) pat bat lestomak (vante tèt) li nan lachè malgre li te pi pwisan pase tout lòt yo men li te desann byen ba devan yo. Renmen (Bondye) pat mande obeyisans. Bondye pat mande obeyisans nan men Pitit li a, men pito, Jezi te vle obeyi Papa’l nan syèl la. « Men sa pou tout moun sou latè konnen ; mwen renmen Papa m. Wi fòk yo konnen m’ap fè sa Papa m te ban m lòd fè a » (Jan 14:31). Lanmou (Jezi) te/ap toujou chèche enterè lòt yo.

Ekspresyon ki pi gran nan lanmou Bondye a nou jwenn li nan (Jan 3:16): « Paske Bondye si tèlman renmen lèzòm li bay sèl pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki pap janm fini an.» (Women 5:8) anonse menm mesaj la: « Men, Bondye moutre pwòp lanmou li pou nou nan sa a: Pandan ke nou te toujou pechè, Kris la te mouri pou nou.» Nou ka wè nan vèsè sa yo pi gwo dezi Bondye se pou nou vini jwenn li nan kay ki gen lavi ki pap janm fini an, syèl la. Pou li te ka fè sa posib pou nou li peye pri peche nou yo. Li renmen nou paske se li ki te chwazi fè sa daprè volonte li. Lanmou padone. « Si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l’ap fè sa ki gen pou fèt la: l’a padone tout peche nou yo, l’a netwaye nou anba tou sa ki mal» (1Jan 1:9).

Alò, kisa sa vle di Bondye se lanmou? Renmen se nan Bondye menm li soti. Renmen se yonn nan karaktè prensipal Bondye genyen. Renmen Bondye a pa nan pwoblèm avèk sentete li, jistis, oswa menm kòlè li. Tout sa ki nan Bondye yo nan yon amoni pafè. Tout sa Bondye fè se renmen, menm jan tout sa li fè dwat epi li gen rezon. Bondye bay egzanp vrè lanmou an. Bondye bay moun ki resevwa pitit li a Jezi kòm sovè pèsonèl yo menm kapasite avèl pou gen yo gen renmen atravè pouvwa Sentespri a (Jan 1:12; 1Jan 3:1, 23-24).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di Bondye se lanmou?
© Copyright Got Questions Ministries