settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa Bondye pa menm jan nan Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an?

Repons


Ebyen, sa se yon kesyon fondamantal ke anpil moun mal pou konprann sou sa ke Ansyen ak Nouvo Testaman revele nou (kiyes Bondye ye) e ki kote Bondye soti? Gen yon lòt fason ke moun eksprime menm lide sa toujou lè y’ap di, «Bondye nou wè nan Ansyen Testaman an se yon Bondye ki fè kòlè , Bondye nan Nouvo Testaman se yon Bondye renmen.» Rezon an sè ke Bondye revele tèt li ba nou, nan Bib la atravè tout evènman istorik yo, atravè relasyon li avèk nou, epi atravè istwa Gen kèk bagay nou mal pou konprann sou kiyès Bondye ye toutbonvre lè n’ap konpare Bondye ki nan Ansyen ak Nouvo Testaman. Sepandan, lè yon moun li Ansyen ak Nouvo Testaman an, li vin klè ke Bondye pa diferan vre ni nan Ansyen oubyen Nouvo Testaman an. Nou kapab wè tou ke ni kòlè Bondye ak lanmou li revele nan tou lè de (2) Testaman yo.

An nou pran egzanp sa, nan tout Ansyen Testaman an nou wè ke li di ke Bondye se «se yon Bondye ki renmen epi gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li pap janm sispann renmen, lap toujou kenbe pawòl li» (Egzòd 34:6; Nonb 14:18; Detewonòm 4:31; Neyemi 9:17; Sòm 86:5, 15; 108:4; 145:8; Jowèl 2:13). An plis nan Nouvo Testaman an, bonte Bondye ak pitye li te parèt plis toujou nan pasaj sa « Bondye sitèlman renmen lèzòm li te bay sèl pitit li a pou moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi ki pap janm fini an» (Jan 3:16). Nou kapab wè tou nan Ansyen Testaman an ke Bondye te aji ak pèp Izrayèl la menm jan ak yon Papa ki renmen yon pitit. Lè yo te tonbe volontèman nan fè peche kont Bondye epi tonbe nan adore zidòl, Bondye te pini yo. Men li te delivre yo chak fwa yo ta repanti pou idolatri yo a. Se menm jan an tou Bondye aji avèk Kretyen yo nan Nouvo Testaman an. Pa egzanp, Ebre 12:6 di nou « Paske Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.»

Se menm jan tou, nan Ansyen Testaman nou wè jijman Bondye ak kòlè sou peche lèzòm. Menm jan nan Nouvo Testaman nou toujou wè kòlè Bondye « tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li» (Women 1:18). Nou ka wè klèman ke nati Bondye pa chanje ni nan Ansyen oubyen Nouvo Testaman an. Nati Bondye, (pèsonaj ke li ye a) pap janm chanje. Malgre nou ka wè ke yon aspè nan nati li revele nan yon vèsè nan Bib la ke nan yon lòt, men sa pa vle di ke Bondye chanje pou sa.

Pandan nap li epi etidye Bib la, li parèt klè ke Bondye se menm nan Ansyen ak Nouvo Testaman an. Menm si ke Bib la gen 66 liv diferan ke plis ke 40 lotè te ekri li nan de (oubyen petèt nan twa) kontinan, epi nan 3 lang diferan, nan yon peryòd ki plis pase 1500 lane, Bib la toujou rete kòm liv ki plis ini depi nan kòmansman jiskaske li fini san pa janm gen pyès kontradiksyon ladan li. Nou wè nan Bib la kijan yon Bondye ki jis, ki gen renmen, ak pitye sèvi ak tout moun ki fè peche nan plizyè sitiyasyon. Se toutbonvre, Bib la se yon lèt damou Bondye bay lèzòm. Nou ka wè kijan Bondye moutre li renmen kreyasyon yo, sitou lèzòm atravè Bib la. Nan tout Bib la nou wè Bondye manifeste lanmou ak pitye li lè li rele tout pèp pou vini etabli yon relasyon espesyal avèk li. Se pa paske yo merite sa, men se paske li se yon Bondye ki fè gras epi li gen pitye. Li pa fè kòlè fasil, li gen anpil bonte ak verite. Men tou, nou wè Bondye kòm yon Bondye ki sen epi ki dwat, li menm kap jije tout moun ki dezobeyi pawòl li, ki refize adore li, ki kite li pou ale adore zidòl ke yo fè ak men yo (Women chapit 1).

Pliske Bondye se yon Bondye ki jis, epi li sen, tout peche, ni sa ki te pase, sa ki prezan, oubyen ki gen pou fèt gen pou jije. Akòz lanmou enfini Bondye a, li te peye pou tout peche pou li te ka rekonsilye nou menm lèzòm ki peche pou nou ka chape anba jijman li. Nou wè bèl verite sa nan vèsè tankou (1Jan 4:10) «Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, granmesi Pitit la.» Nou wè nan Ansyen Testaman an ke Bondye te bay yon sistèm sakrifis pou nou te ka jwenn padon pou peche nou yo. Men yon sèl bagay sistèm sakrifis sa a .se te yon bagay ki te la pou yon ti bout tan. pakont lanmo Jezi Kris sou lakwa a te prezante yon sakrifis konplèt pou peche nou yo. Nou wè ke Sovè a ke yo te promèt ki tap vini an nan Ansyen Testaman parèt vre nan Nouvo Testaman.

Se pou nou sèlman anvizaje nan Ansyen Testaman an, vrè lanmou Bondye a, li voye pitit li Jezi Kris la ki revele nan tout bèl pouvwa li nan Nouvo Testaman an. Bondye bay tou lè de (2), ni Ansyen ak Nouvo Testaman pou ba nou «bon konprann ki fè moun rive delivre» (2Timote 3:15). Lè nou byen etidye tou lè de (2) Testaman yo, li evidan ke Bondye « pa chanje tankou lonbraj » (Jak 1:17).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa Bondye pa menm jan nan Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an?
© Copyright Got Questions Ministries