settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bondye toujou pale avèk nou jodi a?

Repons


Bib la di ke Bondye pale plizyè fwa ak moun nan vwa pa li (Egzòd 3:14; Jozye 1:1; Jij 6:18; 1Samyèl 3:11; 2Samyèl 2:1; Jòb 40:1; Izayi 7:3; Jeremi 1:7; Travay 8:26; 9: 5) – (Sa a se jis kèk egzanp). Pa gen okenn rezon Biblik pou yon moun ta di poukisa Bondye pat kapab pale ak yon moun jodi a. Tout fwa ke nou wè ke Bib la dekri Bondye ap pale, nou dwe sonje ke yo rive nan peryòd de 4,000 ane nan istwa limanite. Lè Bondye pale ak yon moun, sa se yon eksepsyon, sa pa vle di se règleman oubyen se yon bagay fòk li toujou fè li. Menm kote nou wè nan Bib la ki di ke Bondye pale, li pa fin toujou klè nèt si li te yon vwa ke moun nan te tande, oubyen li tande Bondye pale nan kè li, oswa yon enpresyon mantal.

Bondye toujou pale ak moun jodi a. Premyèman, Bondye pale avèk nou nan Pawòl li (2Timote 3:16-17). Ezayi 55:11 di nou : « Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a. » Bib la se pawòl Bondye a, li enkli tout sa nou bezwen konnen pou nou kapab sove epi viv yon lavi Kretyen. 2Pyè 1:3 fè nou konnen, « Pouvwa Bondye a ba nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo.»

Bondye kapab « pale » ak nou tou pa evènman. Sa vle di ke li ka gide nou nan fason li aranje sikonstans nan lavi nou yo. Epi Bondye ka ede nou dekouvri sa ki byen ak sa ki mal (1Timote 1: 5; 1Pyè 3:16). Bondye nan pwosesis pou li ka konfòme lespri nou yo pou nou panse ak panse Bondye (Women 12:2). Bondye kite evènman yo rive nan lavi nou pou dirije nou, chanje nou, epi pou ede nou grandi espirityèlman (Jak 1:2-5; Ebre 12:5-11). 1Pyè 1:6-7 raple nou : « Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si’l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.»

Pafwa, Bondye pale ak kèk moun. Gen anpil dout nan fason kèk moun di ke Bondye pale ak yo. Ankò, menm nan Bib la, lè Bondye pale vokalman, se yon bagay eksepsyonèl, se pa yon bagay pa òdinè. Si yon moun di ke Bondye te pale ak li, se pou nou toujou konpare sa li di a ak sa Bib la di. Si Bondye ta pale jodi a, pawòl li yo ap toujou an amoni konplètman ak sa Bondye te di nan Bib la (2Timote 3:16-17). Bondye pa chanje pawòl li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bondye toujou pale avèk nou jodi a?
© Copyright Got Questions Ministries