settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou omoseksyalite? Èske omoseksyalite se yon peche?

Repons


Bib la toujou di nou aktivite omoseksyèl se yon peche (Jenèz 19:1-13; Levitik 18:22; Women 1:26-27; 1 Korentyen 6:9). Women 1:26-27 anseye espesyalman omoseksyalite se rezilta refize ak dezobeyi Bondye. Lè moun yo kontinye nan peche ak pa kwè, Bondye "kite yo tonbe anba" plis vye vis ak depravasyon nan lide pou montre yo jan yo pa vo anyen ak dezespwa ki genyen lè yo ap mennen yon vi separe de Bondye. 1 Korentyen 6:9 deklare "delenkan" omoseksyèl yo pap eritye wayòm Bondye a.

Bondye pa kreye yon moun ak dezi omoseksyèl. Bib la di nou moun vin omoseksyèl akòz peche (Women 1:24-27) epi finalman akoz pwòp chwa yo. Ou ka jwenn yon moun ki fèt ak yon pi gwo tandans pou omoseksyalite, menm gen moun ki fèt ak yon tandans pou vyolans ak lòt peche. Sa pa eskize chwa moun lan fè pou li peche lè li tonbe anba dezi peche. Si se yon moun ki fèt ak tandans pou fè gwo kòlè/raj, èske sa rann li nòmal pou li tonbe anba dezi sa yo? Byen antandi, se pa nòmal! Se menm verite an pou omoseksyalite.

Sepandan, Bib la pa dekri omoseksyalite kòm yon peche ki "pi gwo" pase nenpòt ki lòt peche. Tout peche, se ofans kont Bondye. Omoseksyalite se jis youn nan anpil bagay ki nan lis 1 Korentyen 6:9-10, bagay ki ap anpeche yon moun antre nan Wayom Bondye an. Dapre Bib la, padon Bondye a disponib pou yon omoseksyèl menm jan li disponib pou moun ki nan adiltè, adoratè zidòl, ansasen, vòlè, elatriye. Bondye pwomèt tou fòs pou viktwa sou peche, ki gen ladan l omoseksyalite, bay tout moun ki kwè nan Jezikri, pou delivre yo (1 Korentyen 6:11; 2 Korentyen 5:17; Filipyen 4:13).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou omoseksyalite? Èske omoseksyalite se yon peche?
© Copyright Got Questions Ministries