settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di Bib la enspire?

Repons


Lè moun di Bib la enspire, yo refere a lefèt ke Bondye te enfliyanse otè imen divinman nan yon fason ke Bib la yo te ekri a se Pawòl Bondye a. Nan kontèks biblik, mo "enspirasyon" an vle di tou senpleman "souf Bondye". Enspirasyon vle di Bib la vrèman se Pawòl Bondye e li fè Bib la inik pami tout lòt liv yo.

Pandan ke gen diferan opinyon sou èske Bib la enspire, pa ka gen dout ke Bib la pou tèt li di ke chak mo nan chak pati nan Bib la soti nan Bondye (1 Korent 2:12-13; 2 Timote 3:16-17). Lide sa a sou Bib la souvan refere li kòm enspirasyon "plenyè oubyen konpèt." Sa vle di enspirasyon n’ap pale de li a se pou tout Bib la (vèbal), se pa sèlman pou yon konsèp oswa yon ide. E enspirasyon an fin nan tout pati nan ekri nan Liv ak tout zafè sijè nan Ekriti (plenyè). Gen kèk moun ki kwè ke sèlman kèk pati nan Bib la ke Bondye te enspire oswa sèlman kèk panse oubyen pati ki gen rapò ak relijyon yo ki enspire, men moun ki gen opinyon sa yo bliye ke Bib la deklare ke li se yon liv ki enspire. Genyen evidans ke tout Bibl la se yon liv ki enspire paske enspirasyon sa a prezante karakteristik esansyèl Pawòl Bondye a.

2 Timote 3:16 byen klè nan sijè enspirasyon an, li di konsa : "Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.." Vèsè sa a di nou ke Bondye enspire tout Ekriti epi yo pwofitab (bon) pou nou. Se pa sèlman pati ki nan Bib la ki fè fas ak doktrin relijye yo ki enspire, men tout sa ki ekri nan Bib la soti nan Jenèz pou rive nan Revelasyon. Pliske se Bondye ki enspire Bib la, Ekriti yo enfayib yo gen otorite pou yo etabli doktrin, pou anseye moun kijan pou yo nan yon bon relasyon ak Bondye. Bib la pa sèlman reklame ke Bondye enspire li, men tou, li gen kapasite pou li chanje nou epi fè nou "konplèt." Ki sa nou bezwen ankò?

Yon lòt vèsè ki gen rapò ak enspirasyon Bib la se 2 Pyè 1:21. Vèsè sa a ede nou konprann ke menm si Bondye itilize lèzòm ak diferan pèsonalite ak fason yo ekri, Bondye te enspire yo divinman tout sa yo te ekri yo. Menm Jezi te konfime enspirasyon global Bib la lè li te di, "Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt... "(Matye 5:17-18). Nan vèsè sa yo, Jezi ranfòse presizyon nan Ekriti yo soti nan ti detay ki pi piti a ak mak ponktiyasyon ki pi piti a, paske li se Pawòl Bondye a.

Paske Bib la enspire pa Bondye, nou ka konkli ke yo paka pa bon epi yo gen otorite. Si nou gade Bondye kòrèkteman, l’ap ede nou pou nou byen konprann Pawòl li a. Pliske Bondye toupwisan, li konnen tout baday, epi konplètman pafè, Pawòl li a gen menm karakteristik ak li. Menm vèsè yo ki di ke Bib la enspire a fè nou konnen ke Bib la enfayib epi li gen otorite. San yon dout Bib la se sa li reklame li ye a, li pa ka nye, li gen otorite, Pawòl Bondye pou limanite.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di Bib la enspire?
© Copyright Got Questions Ministries