settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bib la enpòtan jodi a?

Repons


Ebre 4:12 di, "Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Malgre ke Bib la gen 1900 ane depi li te fin konplè, li gen presizyon ak enpòtans li pou jodi a, li rete yon bagay ki pap chanje. Bib la se sèl sous tout revelasyon Bondye te ba nou sou tèt li ak plan li genyen pou limanite.

Bib la gen anpil enfòmasyon sou mond natirèl la ke moun lasyans konfime nan obsèvasyon syantifik ak rechèch yo fè. Kèk nan pasaj sa yo enkli Levitik 17:11; Eklezyas 1:6-7; Jòb 36:27-29; Sòm 102:25-27 ak Kolosyen 1:16-17. Pandan ke Bib la ap devwale plan redanmsyon Bondye a pou limanite, gen anpil lòt bagay ke (karaktè diferan) Bib la dekri yo klè. Nan deskripsyon sa yo, Bib la bay anpil enfòmasyon sou konpòtman ak tandans lèzòm. Nan pwòp eksperyans pa nou chak jou montre ke enfòmasyon sa yo pi egzak epi dekri kijan lèzòm pi byen pase nenpòt ki liv sikoloji. Gen anpil lòt sous biblik ki pwouve evidans istorik ki ekri nan Bib la. Rechèch istorik souvan montre akò ant istwa biblik ki nan Bib la ak lòt dokiman biblik sou evènman yo.

Sepandan, Bib la se pa yon liv istwa, yon tèks sikoloji, oswa yon jounal syantifik. Bib la se deskripsyon Bondye te ba nou sou ki moun li ye, ak dezi li yo ak plan li pou limanite. Eleman ki pi enpòtan nan revelasyon sa a se istwa separasyon nou an ak Bondye akòz peche nou ak pwovizyon Bondye a pou restore nou nan li atravè sakrifis Pitit Gason li a, Jezi Kris, sou kwa a. Bezwen nou genyen pou Bondye vin delivre nou pa chanje. Ni dezi Bondye a pou rekonsilye nou nan li.

Bib la gen anpil enfòmasyon ki kòrèk ak enpòtans. Mesaj ki pi enpòtan nan Bib la se « delivrans Bondye a » yon bagay ki inivèsèl ak pèmanan, li ta dwe aplike sou tout limanite. Pawòl Bondye a pap janm depase, ranplase, oswa amelyore li. Kilti chanje, lwa chanje, jenerasyon vini epi ale, men Pawòl Bondye a toujou enpòtan jodi a menm jan lè yo te ekri li premye fwa. Se pa tout sa ki ekri nan Bib la ki aplike ak nou jodi a, men tout Ekriti yo gen verite ke nou kapab, epi yo ta dwe aplike nan lavi nou jodi a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bib la enpòtan jodi a?
© Copyright Got Questions Ministries