settings icon
share icon
Kesyon

Kijan epi ki lè yo te mete koleksyon (Kanon) Bib la ansanm?

Repons


Yo itilize tèm « Kanon » an pou dekri liv ki enspire pa Bondye yo, se konsa yo apatni nan Bib la. Pliske Bib la pa bay yon lis pou tout liv nan kanon biblik ki fè pati nan Bib la konsa li vin disifil pou’w detèmine yo. Pou’w te detèmine Kanon an, sa se te yon pwosesis ki te kòmanse premyèman ak pwofesè Jwif, ak savan epi premye Kretyen. Finalman, se te Bondye ki te deside ki liv ki te fè pati koleksyon biblik la. Yon liv nan Bib la te fè pati nan Kanon an soti nan moman sa Bondye enspire pou yo te ekri liv la. Li te tou senpleman yon kesyon de Bondye konvenk disip li yo sou latè ki liv yo ta dwe mete nan Bib la.

Konpare ak Nouvo Testaman an, pat gen twòp konfli sou kanon Ansyen Testaman an. Kwayan Ebre yo te rekonèt mesaje Bondye a epi yo te aksepte yo kòm pawòl ki soti nan Bondye. Pandan ke te gen definitivman kèk deba pou konsidere Kanon Ansyen Testaman, nan A.D. 250, prèske tout moun te dakò sou Kanon liv Ebre (Bib Ebre a). Pwoblèm nan sèlman se te sou Apokrifa la, epi gen kèk deba ak diskisyon ki kontinye jodi a. Majorite savan Ebre yo te konsidere Apokrifa la kòm yon bon dokiman istorik ak relijye, men pa sou menm nivo ak Ekriti Ebrayik yo.

Pou Nouvo Testaman an, pwosesis pou te kolekte yo a te kòmanse nan premye syèk la nan legliz Kretyen an. Yo te kòmanse rekonèt kèk liv nan Nouvo Testaman an byen bonè nan pwosesis la. Pòl te konsidere liv Lik la kòm yon liv ki gen otorite menm jan ak Ansyen Testaman an (1 Timote 5:18; gade Detewonòm 25:4 ak Lik 10:7). Pyè te rekonèt ekriti Pòl yo kòm Pawòl Bondye (2 Pyè 3:15-16). Gen kèk nan liv nan Nouvo Testaman an ki t’ap sikile nan mitan legliz yo (Kolosyen 4:16; 1 Tesalonisyen 5:27). Kleman ki te nan lavil Wòm mansyone omwen uit (8) liv nan Nouvo Testaman (A.D. 95). Ignatius ki te nan Antyòch rekonèt sèt (7) liv (A.D. 115). Polycarp, yon disip apot Jan, te rekonèt 15 liv (A.D. 108). Pita, Irenis te mansyone 21 liv (A. 185). Ipolit (Hippolytus) rekonèt 22 liv (A.D. 170-235). Liv Nouvo Testaman yo ki te lakòz plis konfli se te Ebre, Jak, 2 Pyè, 2 Jan, ak 3 Jan.

Premye “Kanon” se te Kanon Miratoryen yo, yo te konpile li nan ane 170 A.D. Konpilasyon Miratoryen yo te enkli tout liv nan Nouvo Testaman an eksepte Ebre, Jak, ak 3 Jan. Nan ane 363 A.D. yon Konsèy nan Laodise te deklare ke se sèlman Ansyen Testaman an (ansanm ak Apokrifa la) ak 27 liv yo nan Nouvo Testaman an yo te bay lòd pou li nan legliz yo. Yon Konsèy nan Ipo (A.D. 393) ak yon Konsèy nan Katej (A.D. 397) tou te apwouve menm 27 liv yo kòm liv ki gen otorite.

Konsèy yo swiv yon prensip ki sanble ak sa yo pral bay la pou detèmine si wi oubyen non yon liv nan Nouvo Testaman te vrèman enspire pa Sentespri a: 1) Èske otè a se yon apot oswa gen yon koneksyon pwòch ak yon apot? 2) Èske tout kò Kris aksepte liv la? 3) Èske doktrin ki nan liv la konsistan ak ansèyman sou verite? 4) Èske liv la pote prèv ki montre valè moral ak espirityèl ki ta ka reflete travay Sentespri a? Ankò, li enpòtan pou sonje ke legliz la pat detèmine Kanon (Bib la) an. Pa gen pyès konsèy nan premye legliz la ki te deside sou ki liv ki pou nan Kanon an. Se te Bondye ki te fè sa, se li menm ki te deside ki liv ke Bib la te genyen ladan li. Bondye te tou fè disip li yo konnen kisa li te deja deside. Pwosesis lèzòm pou yo kolekte tout liv yo nan Bib la te gen erè, men Bondye, nan souverènte li, epi malgre inyorans nou ak tèt di nou an, te fè premye legliz la rekonèt liv ki te enspire yo.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan epi ki lè yo te mete koleksyon (Kanon) Bib la ansanm?
© Copyright Got Questions Ministries