settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou bwè alkòl/diven? Èske se yon peche pou yon kretyen bwè alkòl/diven?

Repons


Labib gen anpil bagay pou li di konsènan bwè alkòl (Levitik 10:9; Resansman 6:3; Detewonòm 29:6; Jij 13:4, 7, 14; Pwovèb 20:1; 31:4; Ezayi 5:11, 22; 24:9; 28:7; 29:9; 56:12). Sepandan, Labib pa vrèman anpeche yon kretyen bwè byè, diven, oswa nenpòt lòt bwason ki gen alkòl. Anreyalite, kèk Liv diskite sou alkòl nan fason ki pozitif. Eklezyas 9:7 enstwi nou: "Bwè diven ou san kè sote." Sòm 104:14-15 deklare Bondye bay diven "ki fè kè lòm rejwi." Amòs 9:14 diskite bwè diven ki soti nan pwòp jaden rezen ou kòm yon siy benediksyon Bondye. ezayi 55:1 ankouraje l’, "Wi, vin achte diven ak lèt..."

Sa Bondye kòmande kretyen yo konsènan alkòl se pou evite pou yo sou (Efezyen 5:18). Bib la kondane lè ou sou ak efè li (Pwovèb 23:29-35). Kretyen yo tou resevwa lòd pou yo pa pèmèt anyen «metrize» kò yo (1 Korentyen 6:12; 2 Pyè 2:19). Bwè alkòl ak eksè se definitivman yon depandans. Labib entèdi yon kretyen tou pou li fè nenpòt bagay ki ta ka ofanse lòt kretyen oswa ankouraje yo peche kont konsyans yo (1 Korentyen 8:9-13). Nan limyè prensip sa yo, li ta trè difisil pou nenpòt ki kretyen pou di li l’ap bwè alkòl ak eksè pou glwa Bondye (1 Korentyen 10:31).

Jezi te fè dlo tounen diven. Li menm sanble Jezi te konn bwè diven nan kèk okazyon (Jan 2:1-11; Matye 26:29). Nan tan Nouvo Testaman an, dlo yo pat twò pwòp. San yon sistèm asenisman modèn, dlo yo te souvan ranpli avèk bakteri, viris, ak tout kalite kontaminan. Menm sitiyasyon an vre nan anpil peyi tyèmond jodi a. Kòm rezilta, anpil fwa moun te souvan bwè diven (oswa ji rezen) paske li te gen mwens chans pou li te kontamine. Nan 1 Timote 5:23, Pòl te enstwi Timote pou li sispann bwè dlo a (ki te pwobableman lakòz pwoblèm nan vant li an) pou li te bwè diven pito. Nan epòk sa a, diven te fèmante (li te genyen alkòl), men se pa nesesèman nan degre li ye jodi an. Li pa kòrèk pou di se te ji rezen, men li pa kòrèk tou pou di li te menm bagay ak diven nou itilize jodi a. Yon fwa ankò, Labib pa anpeche kretyen bwè byè, diven, oswa nenpòt lòt bwason ki gen alkòl. Alkòl pa, nan oubyen pa li menm, tache ak peche. Se sou an ak depandans ak alkòl lan yon kretyen dwe fè tout fason pou li evite (Efezyen 5:18; 1 Korentyen 6:12).

Alkòl, si yo konsome’l nan ti kantite, li pa ni danjre ni ka rann nou depandan. Anreyalite, kèk doktè fè pwomosyon pou moun bwè yon ti kantite diven wouj pou avantaj sante li genyen yo, espesyalman pou kè a. Konsomasyon alkòl nan ti kantite se kesyon ki anrapò ak libète kretyen an. Sou ak depandans se peche. Sepandan, akòz enkyetid biblik yo konsènan alkòl ak efè li yo, akòz tantasyon fasil ki genyen pou konsome alkòl ak eksè, akòz posibilite pou lakòz ofans ak/oswa peche kay lòt moun, li souvan pi bon pou yon kretyen kanpe sou bwè alkòl.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou bwè alkòl/diven? Èske se yon peche pou yon kretyen bwè alkòl/diven?
© Copyright Got Questions Ministries