settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Labib anseye sou Trinite a?

Repons


Bagay ki pi difisil sou konsèp kretyen Trinite a la se ke pa gen okenn fason nou ka rive eksplike’ l efikasman. Trinite a se yon konsèp ki enposib pou moun konprann totalman, ale wè pou eksplike. Bondye enfiniman pi gran pase nou; Se poutèt sa, nou pa ta dwe atann nou ap ka konprann Li konplètman. Bib la fè konnen ke Papa a se Bondye, Jezi se Bondye, e Sentespri a se Bondye. Bib la anseye tou ke gen yon sèl Bondye. Menm si nou ka konprann kèk enfòmasyon sou relasyon ki genyen ant chak pèsòn diferan nan Trinite a, finalman, lap enkonpreyansib nan lespri lòm lan. Sepandan, sa pa vle di ke Trinite a pa vre oswa ke li pa baze sou ansèyman nan Bib la.

Trinite a se yon sèl Bondye ki egziste nan twa Pèsòn. Fòk ou konprann ke sa pa vle di twa Bondye. Toujou raple w lè w ap etidye sijè sa a ke mo "Trinite" a pa nan Labib. Se yon tèm ki itilize pou eseye dekri sijè a, twa Pèsèn ki ko-egziste, ki ko-etènèl ki se Bondye. Yon bagay ki gen yon enpòtans reyèl se ke konsèp mo “Trinite” a reprezante a egziste nan ekri Pawòl la. Men sa Pawòl Bondye a di sou Trinite a:

1) Gen yon sèl Bondye (Detewonòm 6:4; 1 Korentyen 8:4; Galat 3:20; 1 Timote 2:5).

2) Trinite la gen ladan twa Pèsòn (Jenèz 1:1, 26; 3:22; 11:7; Izayi 6:8, 48:16; 61:1; Matye 3:16-17; 28:19; 2 Korentyen 13:14). Nan Jenèz 1:1, non Ebre pliryèl Eloyim lan te itilize. Nan Jenèz 1:26, 3:22, 11:7 ak Izayi 6:8, pwonon pliryèl pou "nou" te itilize. Mo Eloyim lan ak pwonon pliryèl "nou" an, definitivman refere a plis ke de nan lang Ebre a. Pandan ke sa pa yon agiman eksplisit sou Trinite a, li demontre yon aspè plizyè de Bondye. Mo Ebre Eloyim pou Bondye a definitivman refere a Trinite a.

Nan Ezayi 48:16 ak 61:1, Pitit la tap pale pandan Li tap fè referans a Papa ak Sentespri a. Konpare Ezayi 61:1 a Lik 4:14-19 pou wè ke Pitit la ki tap pale. Matye 3:16-17 dekri evènman batèm Jezi a. Nan pasaj sa a nou wè Bondye Sentespri a desann sou Bondye Pitit la pandan ke Bondye Papa a pwoklame plezi Li nan Pitit Li. Matye 28:19 ak 2 Korentyen 13:14 se egzanp twa Moun diferan nan Trinite a.

3) Nou kab distenge Manm Trinite yo youn de lòt nan anpil lòt pasaj. Nan Ansyen Testaman an, "SEYÈ" distenge l de "Seyè" (Jenèz 19:24; Hosea 1:4). Seyè a gen yon Pitit (Sòm 2:7, 12; Pwovèb 30:2-4). Sentespri a distenge L de "SEYÈ" a (Resansman 27:18) e de "Bondye" (Sòm 51:10-12). Bondye Pitit la a distenge L de Bondye Papa a (Sòm la 45:6-7; Ebre 1:8-9). Nan Nouvo Testaman an, Jezi pale ak Papa a pou voye yon Moun pou vin ankouraje, ki se Sentespri a (Jan 14:16-17). Sa a montre ke Jezi pat konsidere tèt Li ni kòm Papa a ni kòm Sentespri a. Konsidere chak fwa nan Levanjil la kote Jezi t’ap pale ak Papa a. Li tap pale ak tèt Li? Non Li tap pale nan yon lòt Moun nan Trinite a: ak Papa a.

4) Chak manm nan Trinite a se Bondye. Papa se Bondye (Jan 6:27; Romans 1:7; 1 Pyè 1:2). Pitit la se Bondye (Jan 1:1, 14; Romans 9:5; Kolosyen 2:9; Ebre 1:8; 1 Jan 5:20). Sentespri a se Bondye (Travay 5:3-4; 1 Korentyen 3:16).

5) Gen soumisyon nan Trinite a. Pawòl la montre ke Sentespri soumèt Li anba Papa a ak Pitit la, epi Pitit la a soumèt Li anba Papa a. Sa a se yon relasyon etènèl kote nou paka nye divinite okenn nan Moun ki nan Trinite a. Sa a se tou senpleman yon bagay ke lespri limite nou an pa ka konprann konsènan Bondye enfini an. Konsènan Pitit la gade Lik 22:42, Jan 5:36, Jan 20:21, ak 1 Jan 4:14. Konsènan Sentespri a gade Jan 14:16, 14:26, 15:26, 16:7, epi sitou John 16:13-14.

6) Chak Manm nan Trinite a gen travay ki diferan. Papa a se yon sous oswa koz iltim linivè a (1 Korentyen 8:6; Revelasyon 4:11); revelasyon divin (Revelasyon 1:1); sali (Jan 3:16-17); ak travay Jezi kòm moun (Jan 5:17; 14:10). Papa a inisye tout bagay sa yo.

Se atravè Pitit la Papa a fè travay sa yo: kreyasyon an ak antretyen linivè a (1 Korentyen 8:6; Jan 1:3; Kolosyen 1:16-17); revelasyon divin(Jan 1:1; 16:12-15; Matye 11:27; Revelasyon 1:1); ak sali (2 Korentyen 5:19; Matye 1:21; Jan 4:42). Papa a fè tout bagay sa yo nan Pitit la, e Pitit la fonksyone kòm ajan Li.

Se atravè Sentespri a ke Papa a fè travay sa yo: kreyasyon an ak antretyen linivè a (Jenèz 1:2; Job 26:13; Sòm 104:30); revelasyon divin (Jan 16:12-15; Efezyen 3:5; 2 Pyè 1:21); sali (Jan 3:6; Tit 3:5; 1 Pyè 1:2); ak travay Jezi yo (Izayi 61:1; Travay 10:38). Se konsa Papa a ap fè tout bagay sa yo pa pouvwa Sentespri a.

Gen anpil tantativ ki fèt pou ilistre Trinite a. Sepandan, okenn nan ilistrasyon popilè sa yo pa konplètman vrè. ze a (oswa pòm lan) echwe nan sans ke koki a, blan, ak jòn ze a tout fè pati ze a, pa ze a nan yo-menm, menm jan po, chè, ak grenn yo nan pòm lan tout fè pati de li, pa pòm nan li-menm. Papa a, Pitit la, ak Sentespri a pa yon pati de Bondye; Yo chak pou kont yo se Bondye. Ilistrasyon dlo nan yon sans pi bon toujou, men malgre sa li pa rive byen dekri Trinite a. Likid, vapè, ak glas tout se fòm dlo. Papa a, Pitit la, ak Sentespri a, yo pa yon fòm Bondye, chak nan Yo se Bondye. Se konsa, pandan ke ilistrasyon sa yo ka ban nou yon imaj de Trinite a, imaj la pa totalman kòrèk. Nou paka konplètman dekri yon Bondye enfini pa mwayen yon ilistrasyon ki limite.

Doktrin Trinite a se yon sijè ki mennen anpil diskòd pandan tout listwa legliz Kretyen an. Pandan ke aspè debaz Trinite a byen prezante nan Pawòl Bondye a, gen kèk topik siplemantè ki pa fin twò klè. Papa a se Bondye, Pitit la se Bondye, e Sentespri a se Bondye, men gen yon sèl Bondye. Sa se doktrin biblik Trinite la. Pi lwen pase sa, lòt topik yo ka fè sijè deba men yo pa esansyèl. Olye ke nou eseye defini Trinite a ak lespri limite nou an, li tap pi bon pou n ta konsantre sou reyalite Grandè Bondye a ak nati enfini Li a. "O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?" (Women 11:33-34).

English


Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an
Kisa Labib anseye sou Trinite a?
© Copyright Got Questions Ministries