settings icon
share icon
Kesyon

Kijan kretyen wè swisid lan? Kisa Bib la di sou swisid?

Repons


Bib la mansyone sis moun espesifik ki te komèt swisid: Abimelèk (Jij 9:54), Sayil (1 Samyèl 31:4), Gad zam Sayil la (1 Samyèl 31:4-6), Achitofèl (2 Samyèl 17:23), Zimri (1 Wa 16:18), avèk Jida (Matye 27:5). Senk nan yo te mechan, pechè (pa gen ase bagay ki di konsènan gad zam Sayil la pou ta fè yon jijman sou karaktè l'). Gen kèk moun ki konsidere Samson kòm yon egzanp swisid (Jij 16:26-31), men objektif Samson an se te pou touye moun Filisti yo, pa tèt li. Bib la konsidere swisid la egal ak touye moun, kisa ki youn kisa ki lòt. Bondye se sèl moun ki dwe deside kilè ak kijan pou yon moun ta dwe mouri.

Dapre Bib la, swisid lan se pa sa ki detèmine si yon moun jwenn aksè pou antre nan syèl la. Si yon moun ki pat sove komèt yon suisid, li sèlman presipite vwayaj li nan lanfè. Sepandan, moun ki komèt swisid la pral nan lanfè paske l te voye delivrans li jete pa mwayen Kris la, se pa paske l te komèt swisid lan. Kisa Bib la di sou yon kretyen ki komèt swisid? Bib la fè n konnen apati moman nou vrèman kwè nan Kris la, nou gen yon lavi etènèl ki garanti (Jan 3:16). Dapre Bib la, kretyen ka konnen san okenn dout ke yo posede lavi etènèl (1 Jan 5:13). Pa gen anyen ki ka separe yon kretyen de lanmou Bondye (Women 8:38-39). Si pa gen okenn "bagay ki kreye" pa ka separe yon kretyen de lanmou Bondye a, pandan ke menm yon kretyen ki komèt swisid se yon "bagay ki kreye," alòs pa menm swisid ki ka separe yon kretyen de lanmou Bondye. Jezi te mouri pou tout peche nou yo, epi si yon vrè kretyen, nan yon tan atak espirityèl ak feblès, komèt swisid, sa t ap toujou yon peche ki kouvri ak san Kris lan.

Swisid malgre sa se yon peche grav kont Bondye. Dapre Bib la, swisid se asasina; li toujou yon move bagay. Gwo dout ta dwe leve sou otantisite lafwa nenpòt moun ki deklare yo se yon kretyen epi ki komèt swisid. Pa genyen okenn sikonstans ki ka jistifye yon moun, espesyalman yon kretyen, mete fen nan lavi l. Kretyen yo fèt pou yo viv lavi yo pou Bondye,epi desizyon sou lè pou nou mouri chita nan pla men Bondye e nan pla men l sèlman. Malgre li pap pale sou swisid, 1 Korentyen 3:15 se pwobableman yon bon deskripsyon sou sa ki rive yon kretyen ki komèt swisid: "Li menm, li va sove, men se sèlman kòm youn ki chape nan mitan flanm dife."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan kretyen wè swisid lan? Kisa Bib la di sou swisid?
© Copyright Got Questions Ministries