settings icon
share icon
Kesyon

Kisa batèm Sentespri a ye?

Repons


Nou kapab dekri batèm Sentespri a konsa: li se travay Lespri Bondye a, li mete tout moun ki kwè yo nan yon inyon ansanm ak Kris la, anplis li mete tout moun ki kwè yo nan yon inyon ansanm yonn ak lòt nan menm moman ke yo resevwa sali a. Batèm Sentespri a se yon bagay Jan Batis te profetize sou li (Mak 1:8) men sa Jezi te di sou batèm Sentespri a anvan li te moute nan syèl la: “Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a” (Travay 1:5). Pwomès sa a te akonpli nan Jou Pannkòt la (Travay 2:1-4); se te pou premye fwa, lèzòm te enspire pa Sentespri a, li te abite anndan yo epi legliz la te kòmanse.

1 Korent 12:12-13 se pasaj santral nan Bib la konsènan batèm Sentespri a: «Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. » (1 Korent 12:13). Remake ke nou «tout» te batize nan Lespri Bondye a. Tout moun kite kwè yo te resevwa batèm nan, li se sinonim ak delivrans, li pa yon eksperyans espesyal pou sèlman kèk moun. Pandan ke Women 6:1-4 pa mansyone espesyalman Lespri Bondye a, li dekri pozisyon kwayan yo devan Bondye nan tèm ki sanble ak pasaj 1 Korent an: «Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?» Women 6:1-2.

Evidans sa yo nesesè pou ede nou gen pi bon konprann kisa batèm Sentespri a ye: Premyèman, 1 Korent 12:13 di klèman ke tout moun te batize, menm jan tout moun te resevwa Sentespri Bondye a, yo te bwè nan menm Sentespri Bondye a. Dezyèmman, pa gen pyès kote ki ekri nan Bib ke li di ke yo te mande moun ki te kwè yo pou yo te batize nan Sentespri a oubyen sentespri a te batize yo. Yo pat mande kwayan yo pou yo te chache batèm nan Sentespri a. Sa endike ke tout moun ki te kwè yo te fè eksperyans la a, yo te resevwa Sentespri. Twazyèmman, Efezyen 4:5 ta fè referans sou batèm Sentespri a. Si se konsa sa ye, batèm Sentespri a se yon reyalite pou chak kwayan yo, menm jan pou «yon sèl lafwa» ak «yon sèl Papa.»

Pou nou fini, batèm Sentespri a fè de (2) bagay, 1) li ini nou ak kò Kris la. 2) li fè krisifiksyon avèk Kris la sou kwa yon reyalite. Lè nou nan kò Kris la, sa vle di nou leve soti vivan ansanm avèk li pou nou gen yon nouvo lavi (Women 6:4). Nou dwe itilize kado espirityèl nou yo pou nou kenbe kò nou nan yon fason ki konvenab menm jan sa di nan 1 Korent 12:13. Lè nou fè eksperyans batèm Sentespri a ki fèt yon sèl fwa, li sèvi kòm baz pou kenbe legliz la nan inite, nan menm kontèks ak Efezyen 4:5. Lè nou asosye avèk Kris la nan lanmò li, antèman li ak rezirèksyon li atravè batèm Sentespri a, li etabli baz pou separasyon nou an anba pouvwa peche nou yo pou nou mache nan nouvo lavi a (Women 6:1-10; Kolosyen 2:12).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa batèm Sentespri a ye?
© Copyright Got Questions Ministries