settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki anlèvman legliz la?

Repons


Mo anlèvman pa rive mansyone nan Bib la. Tèm sa a soti nan yon mo Laten ki vle di "pote ale, yon transpò, oswa pran (dapiyant)." Bib la anseye byen klè sou konsèp "pote ale a" oswa anlèvman legliz la.

Anlèvman legliz la se yon evènman kote Bondye "pran" tout kwayan yo soti sou latè pou preparasyon jijman san patipri li a ka vide sou tè a pandan peryòd tribilasyon an. 1 Tesalonisyen 4:13-18 ak 1 Korent 15:50-54 se pasaj ki pale plis sitou sou zafè anlèvman. Bondye pral resisite tout kwayan ki te mouri yo, l’ap ba yo yon kò glorye, epi l’ap anlve yo soti sou tè a, ansanm ak tout kwayan k’ap viv yo. Moun ki vivan yo ki pat ko mouri a pral jwenn yon kò glorye tou. " Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a" (1 Tesalonisyen 4:16-17).

Anlèvman an pral enplike yon transfòmasyon enstantane nan kò nou pou ba nou yon kò kap bon pou nou pou letènite. " Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a" (1 Jan 3:2). Nou dwe distenge anlèvman ak dezyèm vini Kris la. Nan anlèvman an, Seyè ap vini "nan nyaj yo" pou kontre nou "nan lèzè a" (1 Tesalonisyen 4:17). Nan dezyèm vini an, Seyè ap desann nèt sou tè pou li kanpe sou mòn Oliv la, sa ap lakòz yon gwo tranblemanntè answit yon defèt pou tout lènmi Bondye a (Zakari 14:3-4).

Doktrin anlèvman se pa te yon bagay ke yo te anseye nan Ansyen Testaman an, se poutèt sa Pòl rele li yon "mistè" kounye a ki devwale: " M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm." (1 Korent 15:51-52).

Anlèvman an se yon bèl evènman glorye ke nou tout ta dwe ap tann ak anpil dezi. Nou pral finalman libere de tout peche. Nou pral nan prezans Bondye pou tout tan. Gen twòp deba sou siyifikasyon tèm anlèvman an. Sa a se pa entansyon Bondye. Olye de sa, anlèvman an ta dwe yon doktrin ki rekonfòte nou epi ba nou espwa; Bondye vle nou "ankouraje youn ak lòt avèk pawòl sa yo" (1 Tesalonisyen 4:18).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki anlèvman legliz la?
© Copyright Got Questions Ministries