settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Labib la di sou sèks anvan maryaj / sèks anvan nòs?

Repons


Pa gen okenn mo ebre oubyen grèk ki itilize nan Bib la ki refere ak presizyon sou kesyon fè sèks anvan maryaj. Labib la kondane san mank adiltè ak imoralite seksyèl, men èske fè sèks anvan maryaj konsidere kòm yon imoralite seksyèl? Dapre 1 Korentyen 7:2, "wi" se repons klè an: "Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo." Nan vèsè sa a, Pòl di maryaj se "gerizon" an pou dezòd lachè. 1 Korentyen 7:2 di esansyèlman, paske moun pa ka kontwole tèt yo epi anpil nan yo ap fè sèks imoral andeyò maryaj, moun yo ta dwe marye. Apre sa, yo ka satisfè pasyon yo nan yon fason moral.

Pliske 1 Korentyen 7:2 antre klèman fè sèks anvan maryaj nan definisyon imoralite seksyèl, tout vèsè Labib yo ki kondannen imoralite seksyèl kòm yon peche, kondannen tou sèks anvan maryaj kòm peche. Sèks anvan maryaj fè pati definisyon biblik lan sou dezòd lachè. Gen anpil Liv nan Labib ki deklare sèks anvan maryaj se yon peche (Travay 15:20; 1 Korentyen 5:1; 6:13, 18; 10:8; 2 Korentyen 12:21; Galat 5:19; Efezyen 5:3; Kolosyen 3:5; 1 Tesalonisyen 4:3; Jid 7). Bib la fè pwomosyon abstinans total anvan maryaj. Sèks ant yon mari ak madanm se sèl fòm relasyon seksyèl Bondye apwouve (Ebre 13:4).

Twò souvan nou konsantre sou aspè "distraksyon" ki gen nan fè sèks san nou pa rekonèt gen yon lòt aspè ki se prodiksyon. Sèks nan yon koup ki marye se plezi, e Bondye te fè li nan fason sa a. Bondye vle gason ak fanm yo jwi aktivite seksyèl andedan maryaj yo. Chante Salomon ak plizyè lòt pasaj nan Labib (tankou Pwovèb 5:19) dekri nan yon fason ki klè plezi ki gen nan fè sèks. Sepandan, koup la dwe konprann entansyon Bondye konsènan sèks lan gen ladan fè timoun. Kidonk, pou yon koup angaje yo nan fè sèks anvan maryaj se yon mal ki doub; yo ap jwi yon plezi ki pa fèt pou yo, epi yo ap pran chans pou bay yon moun lavi andeyò estrikti lafanmi Bondye te gen pou chak timoun.

Byen ke pratik la pa detèmine sa ki byen de sa ki mal, si tout moun te obeyi mesaj ki nan Bib la sou sèks anvan maryaj lan, t ap gen mwens maladi moun ka pran nan fè sèks, mwens avòtman, mwens manman ki pa marye ak aksidan gwosès, e mwens timoun k ap grandi san tou de paran yo nan lavi yo. Abstinans se sèl prensip Bondye nan sa ki konsène sèks anvan maryaj. Abstinans sove lavi, pwoteje ti bebe yo, li bay relasyon seksyèl valè apwopriye, epi, sa ki pi enpòtan, li onore Bondye.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Labib la di sou sèks anvan maryaj / sèks anvan nòs?
© Copyright Got Questions Ministries