settings icon
share icon
Kesyon

Eske-w gen lavi etènel?

Repons


Bib la esplike klèman kijan nou kabab genyen lavi ètènel. Premyèman,nou dwe rekonèt ke nou peche kont Bondye . Tout moun fè peche, epi vire do bay Bondye ki gen tout pouvwa-a (Romen 3 :23). Nou tout fè zak ki pa fè Bondye plezi e nou ta supoze jwenn pinisyon pou sa. Paske peche nou yo an dezako ak Bondye etènèl la, se sèlman yon pinisyon etènèl ki ta kapab sifi. « rekonpans peche se lanmo, men Bondye fè nou kado lavi etènèl atravè Jezi. »

Sepandan, Jezikri pat janm fè okenn peche (1 pyè 2 :22) Pitit Bondye a te vin tounen moun (Jan 1 :1, 14) e li te mouri pou peye fòt nou yo. Bondye pwouve lanmou li pou nou. Pandan ke nou te nan peche toujou , Kris-la mouri pou nou. (Romen 5 :8). Jezikri te mouri sou kwa-a (Jan 19 :31-42) li pran pinisyon ke nou te merite-a. (2 Korentyen 5 :21) twa jou aprè li te leve sòti vivan nan lanmò (1 Korentyen 15 :1-4), konsa li pwouve viktwa li genyen sou peche ak lanmò. Nan gran mizerikòd li, li te ban nou yon nouvèl nesans e yon nouvèl espwa atravè rezireksyon Jezikri nan lanmò (1 Pyè 1 :3).

Pa lafwa nou dwe chanje panse nou lè n’ap gade Kris, ki moun li ye, kisa li te fè, e poukisa. “Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo » (Akt 3 :19). Si nou mete konfyans nou nan Jezi, e si nou kwè ke li te mouri sou kwa a pou peye pou peche nou yo , nou va jwenn padon e resevwa pwomès lavi etènel nan syèl-la. Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya gen lavi ki p’ap janm fini-an. (Jan 3 :16).

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè-a, si nan fon kèw ou kwè tout bon ke Bondye te fè-l leve sòti vivan pami mò yo, w’ap sove. (Romen 10 :9). Sèlman lafwa w nan sa Jezi te fè sou la kwa a ki kapab sovew, se sèl chemen verite ki mennen nou nan lavi etènel. Se paske-l renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm, se yon kado Bondye ban nou. (Efezyen 2:8-9).

Si ou vle asepte Jezikri kòm sovè-w, men yon senp priyè. Sonje, di priyè sa oubyen nenpòt lòt priyè ,p’ap sove-w. Se sèlman lafwa ou nan Kris la ki kapab sove-w nan peche. Priyè sa se senpleman yon fason pou afime Bondye lafwa ke ou gen nan li e dil mesi pou pwomès Sali li ba ou-a. « Bondye, mwen konnen ke mwen te peche kont ou e m’ merite chatiman pou sa. Men Jezikri te pran chatiman ke-m te merite-a pou mwen, e atravè konfyans mwen nan li m’ kapab jwenn padon. Mwen mete lafwa mwen nan ou pou mwen kapab sove . Mèsi pou kalite gras sa , mesi pou padone ou padone pechem yo , ak pou kado lavi etènel-la. » Amén.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Eske-w gen lavi etènel?
© Copyright Got Questions Ministries