settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou divòs ak remaryaj?

Repons


Pou kòmanse, nenpòt fason nou eseye fè yon kout je sou kesyon divòs la, li enpòtan sonje Malachi 2:16: "Mwen rayi divòs, sa se Seyè Bondye pèp Izrayèl la ki pale" Dapre Bib la, maryaj se yon angajman pou lavi. "Konsa, yo pa de ankò, men yo vin yon sèl. Se poutèt sa, lòm pa gen dwa separe sa Bondye te mete ansanm" (Matye 19:6). Sepandan, Bondye reyalize ke kòm maryaj enplike de moun ki gen nati peche, divòs yo gen pou rive. Nan Ansyen Testaman an, Li etabli kèk lwa pou pwoteje dwa moun ki divorse yo, sitou fanm (Detewonòm 24:1-4). Jezi fè remake lwa sa yo te bay akoz kè lòm tèlman di, se pa paske se te dezi Bondye (Matye 19:8).

Diskisyon sou si wi ou non divòs ak remaryaj jwenn pèmisyon yo selon Bib la soulve prensipalman akoz de pawòl Jezi te di nan Matye 5:32 ak 19:9. Fraz "eksepte pou enfidelite marital" la sanble endike sèl rezon ke Bondye bay nan Pawòl la kote Li pèmèt divòs ak remaryaj. Anpil entèprèt konprann "eksepsyon" kòm etan ke li refere a "enfidelite marital" pandan peryòd "fiyansay" la. Nan koutim Jwif la, yo te konsidere yon gason ak yon fi menm pandan peryòd yo te angaje oswa "fiyanse" a. Dapre opinyon sa a, imoralite pandan peryòd "fiyansay" la ta sèl rezon valab pou yon divòs.

Sepandan, mo Grèk pou "enfidelite marital" la se yon mo ki ka vle di nenpòt ki fòm imoralite seksyèl. Li ka vle di fònikasyon, pwostitisyon, adiltè, elatriye. Jezi sanble di ke divòs la akseptab si youn nan moun yo komèt imoralite seksyèl. Relasyon seksyèl se yon pati entegral lyen marital la: "yo de a va fè yon sèl kò" (Jenèz 2:24; Matye 19:5; Efezyen 5:31). Se poutèt sa, nenpòt lyen an kraze akoz de relasyon seksyèl andeyò maryaj la, li akseptab pou divòs la rive. Nan ka sa, Jezi te panse ak remaryaj tou selon pasaj sa a. Fraz "epi marye ak yon lòt" la (Matye 19:9) endike ke divòs ak remaryaj pèmèt lè yon ka eksepsyonèl prezante, kèlkeswa fason yo entèprete l’ la. Li enpòtan poun fè konnen ke se sèlman moun ki inosan ki gen pèmisyon pou l’ remarye. Malgre tèks sa a pa deklare sa, pèmisyon pou remaryaj apre yon divòs endike pitye Bondye genyen pou moun ki viktim nan koup la, pa pou moun ki komèt imoralite seksyèl la. Ka gen ka ki pèmèt moun ki koupab la remarye, men li mansyone nan tèks sa a.

Gen kèk moun ki konprann 1 Korentyen 7:15 kòm yon lòt "eksepsyon," ki pèmèt remaryaj si yon mari oswa madanm enkwayan divòse yon kwayan. Sepandan, kontèks la pa mansyone remaryaj, men li sèlman di ke pye kwayan an pa mare pou l kontinye maryaj la mari a oswa madanm lan ki enkwayan an vle kite kay la. Gen lòt ki deklare ke abi (sou mari a oswa madanm lan oswa pitit la) se yon rezon valab pou divòs menm si li pa nan lis Bib la mansyone a. Pandan ke ka sa ka vrè, li pa janm saj pou n sipoze sa Pawòl Bondye a te ka di.

Pafwa, youn nan bagay moun konn bliye nan deba sa a se lefèt ke kèlkeswa sa "enfidelite marital" vle di, li se yon pèmisyon pou divòs, pa yon kondisyon pou li. Menm lè adiltè komèt nan koup la, de moun yo ka aprann padonnen youn lòt atravè gras Bondye epi rekòmanse bati maryaj yo. Bondye te padonnen nou pou plis bagay ke sa. Nou ka suiv egzanp Li e menm padonnen peche adiltè (Efezyen 4:32). Sepandan, nan anpil ka, yon mari oswa madanm pa deside repanti epi li kontinye nan imoralite seksyèl la. Se la Matye 19:9 kab petèt aplike. Anpil lòt tou ka chèche remarye byen vit apre yon divòs pandan ke Bondye ta ka vle yo rete selibatè. Pafwa Bondye mande moun pou yo ret selibatè pou ke atansyon yo pa divize (1 Korentyen 7:32-35). Remaryaj apre yon divòs ka yon opsyon nan kèk sikonstans, men sa pa vle di li se sèl chwa ki genyen.

Sa fè anpil lapenn poun wè ke nivo divòs nan mitan moun ki deklare yo se kretyen yo prèske menm wotè a pa sa yo ki nan mond lan. Bib la fè n wè klè ke Bondye rayi divòs (Malaki 2:16) e ke rekonsilyasyon ak padon ta dwe make lavi kwayan yo (Lik 11:4; Efezyen 4:32). Sepandan, Bondye rekonèt ke divòs gen pou rive, menm nan mitan pitit Li yo. Yon kwayan ki divòse ak/oswa remarye pa ta dwe santi Bondye renmen l’ mwens, menm si divòs la ak/oswa remaryaj la pa sanble fè pati ka eksepsyonèl ki mansyone nan Matye 19:9 la. Bondye souvan sèvi ak menm peche dezobeyisans kretyen an pou L’ akonpli gwo bagay.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou divòs ak remaryaj?
© Copyright Got Questions Ministries