settings icon
share icon
Kesyon

Eske Jezi se Bondye? Eske Jezikri te janm fè tèt li pase pou Bondye?

Repons


Jezi pa janm arejistre nan Bib-la pou di pawòl presiz sa-a « Mwen se Bondye ». sa pa vle di sepandan ke li pat janm pwoklame ke li se Bondye. Pran pa egzanp pawòl Jezi yo nan Jan 10 :30, “Mwen menm ak Papa-a nou se yon sèl” . Nou bezwen sèlman gade reyaksyon jwif yo ak deklarasyon Jezi-a pou nou konnen ke li te afime ke li se Bondye. Yo t’ap eseye kalonnen li ak kout wòch poutèt gran rezon sa. Ou menm, se moun ou ye, epi w’ap chache fè tèt ou pase pou Bondye. (Jan 10 :33). Jwif yo te konprann egzateman ke Jezi te afime divinite li. Remake ke Jezi pat janm nye afimasyon ke li se Bondye lè-l te deklare “Mwen menm ak Papa-a, nou se yon sèl” (Jan 10:33). Li te di ke li menm avèk Papa-a, yo gen yon sèl nati an esans. Jan 8:58 se yon lòt egzanp. Jezi te deklare “ Mwen di nou la verite, Abraram pat ankò fè mwen te la”. Repons jwif yo pa rapò a deklarasyon sa a se te ramase wòch pou touye li pou blasfèm, kòm lalwa moyiz-la te rekòmande yo pou yo fè sa. Levitik 24:15.

Jan te repete konsèp divinite Jezi yo “Pawòl-la te Bondye” “Pawòl-la te vin tounnen moun” (Jan 1:1-14). Vesè sa yo endike klèman ke Jezikri se Bondye nan lachè. Travay 20:28 di nou “Okipe legliz Bondye-a, legliz li te achte a pwóp san Pitit li-a”. Kiyès ki te achte legliz-la, legliz Bondye-a avèk pwóp san li? Travay 20:28 deklare ke Bondye achte legliz li-a ak pwóp san pitit li. Pakonsekan, Jezi se Bondye!

Toma, disip-la, te deklare konsènan Jezi “Senyè mwen, Bondye mwen” (Jan 20:28). Jezi pat korije li. Tit 2:13 ankouraje nou pou nou rete tann retou Senyè nou an ak sovè an Jezikri. Nou kan jwenn li tou nan (2 Pyè 1 :1). Nan Ebre 1 :8 Papa-a deklare sou Jezi “ Men l’ap pale sou pitit-la li di : « Oh ! Bondye twón ou la pou tout tan. W’ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan wayóm ou an”. Papa-a te refere a Jezikri kòm “oh Bondye” sa te endike ke Jezi te reyèlman Bondye.

Nan Revelasyon, yon zanj te enstwi apòt Jan pou-l te sèlman adore Bondye (Revelasyon 19:10). Nan plizyè tan, nan ekriti-a, Jezikri resevwa adorasyon (Matyè 2:11, 14:3, 28:9, 17; Lik 24:52, Jan 9:38). Li pa janm fose moun adore li. Si Jezi pat Bondye, li t’ap di moun yo pou yo pa adore-l. Jan zanj lan te fè sa nan Revelasyon an. Gen anpil lòt vèsè e pasaj nan ekriti ki agimante divinite Jezikri-a.

Rezon ki pi enpòtan ki dwe fè ke Jezi se Bondye, sèke si li pat Bondye, lanmò li pa t’ap sifi pou peye chatiman peche lemonn antye 1 Jan 2:2. Se yon kreyati Jezi t’ap ye si li p’at Bondye, li pa t’ap kapab peye chatiman enfini peche-nou yo kont yon Bondye enfini. Sèlman Bondye te kapab peye yon si gran chatiman enfini. Sèlman Bondye te kapab pote peche limanite (2 Korentyen 5:21), li mouri e-l resisite e li pote laviktwa sou lanmò ak peche.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Eske Jezi se Bondye? Eske Jezikri te janm fè tèt li pase pou Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries